ElohimEmet

Revelasion 6 KreyolAyisyen

🔊 Revelasion 6 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Lè Ti Mouton an te kase youn nan sele yo, mwen te tande youn nan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Vini wè.
  2. 2 Mwen gade, epi mwen wè yon chwal blan. Moun ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l'. Yo ba li yon kouwòn. Epi li soti pou l' te genyen batay la. Li te gen viktwa.
  3. 3 Lè l fin louvri dezyèm sele a, mwen tande dezyèm bèt vivan an di: Vini wè.
  4. 4 Epi yon lòt chwal wouj soti. Yo ba li pouvwa pou l' pran lapè sou latè, pou lèzòt touye youn lòt. Yo ba li yon gwo nepe tou.
  5. 5 Lè l' fin louvri twazyèm sele a, mwen tande twazyèm bèt vivan an di: Vini wè. Mwen gade, epi mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l'.
  6. 6 Epi mwen tande yon vwa nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi ble pou yon goud, twa mezi lòj pou yon goud. Pa fè ni lwil la ni diven an mal.
  7. 7 Lè Ti Mouton an fin louvri katriyèm sele a, mwen tande vwa katriyèm bèt vivan an ki di: Vini wè.
  8. 8 Mwen gade, epi mwen wè yon chwal pal. Moun ki te chita sou li a te rele Lanmò. Moun ki te sou li yo te rele Lanmò. Yo ba yo pouvwa sou yon ka tè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak lanmò, ak bèt ki sou latè.
  9. 9 Lè l' fin louvri senkyèm sele a, mwen wè anba lotèl la nanm moun yo te touye poutèt pawòl Bondye a ak poutèt temwayaj yo te bay la.
  10. 10 Epi yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: -Konbyen tan ankò, Senyè, ou menm ki sen e veridik, ou p'ap jije moun ki rete sou latè yo, ou p'ap vanje san nou an?
  11. 11 Yo ba yo chak rad blan; epi yo di yo pou yo repoze pou yon ti tan ankò, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo, ki te gen pou mouri menm jan ak yo a, fin kontre.
  12. 12 Mwen gade lè li te fin louvri sizyèm sele a, epi te gen yon gwo tranblemanntè; solèy la te vin nwa tankou yon twal sak ki fèt ak pwal, lalin nan te vin nwa tankou san.
  13. 13 Zetwal yo menm tonbe sot nan syèl la sou latè, tankou lè yon gwo van ap souke yon pye fig frans, li voye fig vèt li yo jete.
  14. 14 Epi syèl la disparèt tankou yon woulo liv yo woule ansanm; epi tout mòn ak tout zile yo deplase soti nan plas yo.
  15. 15 Wa latè yo, grannèg yo, moun rich yo, kòmandan yo, vanyan sòlda yo, tout esklav ak tout lib yo, yo tout al kache nan twou ak nan gwo wòch nan mòn yo.
  16. 16 Li di mòn yo ak wòch yo: Tonbe sou nou, kache nou devan moun ki chita sou twòn nan ak devan kòlè Ti Mouton an.
  17. 17 Paske, gwo jou kòlè li a rive; ki moun ki ka kanpe devan l?

⟨ Chapit Presedan Revelasion6 Chapit Swivan ⟩