Revelasion 20 KreyolAyisyen
🔊 Revelasion 20
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Epi mwen wè yon zanj desann soti nan syèl la, avèk kle twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn.
- 2 Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa vle di Dyab la ak Satan, li mare l' pandan mil ane.
- 3 Li voye l' jete nan twou san fon an, li fèmen pòt li, li mete yon sele sou li. Konsa, li p'ap ka twonpe nasyon yo ankò toutotan mil (1.000) an pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' pou yon ti tan.
- 4 Epi mwen te wè yon bann twòn, epi yo te chita sou yo, epi yo te ba yo jijman. Mwen te wè nanm moun yo te koupe tèt yo poutèt temwayaj Jezi a, poutèt pawòl Bondye a, moun ki pa t adore bèt la, ni imaj li a, ni moun ki pa t resevwa mak bèt la sou fwon yo, ni sou men yo. Yo te viv epi yo te gouvènen avèk Kris la pandan mil ane.
- 5 Men, rès mò yo pa t viv ankò toutotan mil ane yo pa fin pase. Sa a se premye rezirèksyon an.
- 6 Benediksyon pou moun ki gen pati nan premye rezireksyon an, moun ki sen. Dezyèm lanmò a pa gen pouvwa sou yo. Y'a sèvi kòm prèt pou Bondye ak pou Kris la. Y'a gouvènen avè l' pandan mil ane.
- 7 Lè mil ane yo va fini, y'a lage Satan soti nan prizon li a.
- 8 Lè sa a, la soti pou l' twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou yo ka mennen yo goumen. Yo anpil tankou grenn sab bò lanmè.
- 9 Yo mache sou tout lajè tè a, yo sènen kan moun pèp Bondye a ansanm ak vil byenneme a. Men, dife desann soti nan syèl la bò kote Bondye, li devore yo.
- 10 Epi yo jete dyab ki te twonpe yo a nan letan dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye a, epi yo pral soufri l' lajounen kou lannwit pou tout tan.
- 11 Epi mwen te wè yon gwo twòn blan, ak moun ki te chita sou li a, tè a ak syèl la te kouri disparèt devan l, epi pa t gen plas pou yo.
- 12 Epi mwen wè tout moun ki mouri yo, piti kou gran, kanpe devan Bondye. Yo louvri liv yo, epi yo louvri yon lòt liv, ki se liv ki gen non moun ki gen lavi a. Yo jije tout moun ki mouri yo dapre sa yo te ekri nan liv yo.
- 13 Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te ladan l' yo. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout moun mouri ki te nan yo. Yo jije yo, chak moun dapre sa yo te fè.
- 14 Epi yo jete lanmò ansanm ak lanfè nan letan dife a. Sa a se dezyèm lanmò a.
- 15 Epi tout moun ki pa t gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a.