ElohimEmet

Jan 6 KreyolAyisyen

🔊 Jan 6 KreyolAyisyen
0:00 0:00
  1. 1 Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a, ki rele lanmè Tiberyad tou.
  2. 2 Epi yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li te fè sou moun malad yo.
  3. 3 Epi Jezi monte sou yon mòn, li chita la avèk disip li yo.
  4. 4 Fèt Pak la, yon fèt jwif yo, te pre rive.
  5. 5 Jezi leve je l' anlè, li wè yon gwo foul moun k'ap vin bò kote l'. Li di Filip konsa: Ki kote nou pral achte pen pou n' ka manje?
  6. 6 Epi li te di sa pou l te teste pitit la, paske li menm li te konnen sa l tapral fè.
  7. 7 Filip reponn li: Desan (200) goud pou chak moun jwenn yon ti kras pen, pa ta gen ase pou yo ta jwenn.
  8. 8 Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè, di li:
  9. 9 Gen yon ti gason isit la ki gen senk pen fèt ak lòj ak de ti pwason. Men, kisa tout bagay sa yo fè pou tout moun sa yo?
  10. 10 Jezi di yo: Fè mesye yo chita. Te gen anpil zèb nan plas la. Mesye yo chita, te gen senkmil (5.000) moun konsa.
  11. 11 Jezi pran pen yo, li di mèsi, li bay disip yo, disip yo bay moun ki te chita yo. Li bay pwason yo tou.
  12. 12 Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase ti moso ki rete yo, pou anyen pa pèdi.
  13. 13 Yo ranmase tout moso senk pen lòj yo te rete, yo plen douz panyen ak moso ki te rete nan senk pen lòj yo te manje yo.
  14. 14 Lè sa a, mesye yo, lè yo te wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.
  15. 15 Lè Jezi te wè yo tapral vin pran l' pa fòs pou yo fè l' wa, li tounen pou kont li ankò sou yon mòn.
  16. 16 Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.
  17. 17 Yo monte nan yon kannòt, yo pran lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Li te fè nwa deja, epi Jezi pa t' ankò vin jwenn yo.
  18. 18 Lanmè a te vin move poutèt yon gwo van ki t ap soufle.
  19. 19 Yo te gentan rame anviwon vennsenk ou trant kilomèt, lè yo wè Jezi k'ap mache sou dlo a, li t'ap pwoche bò kannòt la. Yo te pè anpil.
  20. 20 Men, li di yo: Se mwen menm; pa pè.
  21. 21 Lè sa a, yo te aksepte l' nan kannòt la ak kè kontan. Menm lè a, kannòt la te rive atè kote yo t'ap ale a.
  22. 22 Nan denmen, lè foul moun ki te rete lòt bò lanmè a wè pa t' gen lòt kannòt la, eksepte kannòt kote disip li yo te antre a. Epi Jezi pa t' monte nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te ale poukont yo.
  23. 23 (Men, te gen lòt kannòt ki te soti Tiberyad ki te vin toupre kote yo te manje pen an, apre Seyè a te fin di Bondye mèsi a.)
  24. 24 Lè foul moun yo wè ni Jezi pa t la, ni disip li yo pa t la, yo monte nan kannòt tou, epi yo ale Kapènawòm ap chache Jezi.
  25. 25 Lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di li: Rabi, kilè ou rive isit la?
  26. 26 Jezi reponn yo, li di: An verite, an verite, m ap di nou sa: Se pa paske nou te wè mirak yo n ap chache m, men paske nou te manje pen epi nou te plen vant nou.
  27. 27 Pa travay pou manje k'ap gate a. Travay pito pou manje k'ap kenbe pou lavi ki p'ap janm fini an, manje sa a Pitit Lòm nan va ban nou an. Paske, se li menm Bondye Papa a ki mete mak sou li a.
  28. 28 Lè sa a, yo di li: Kisa pou nou fè, pou nou ka fè travay Bondye?
  29. 29 Jezi reponn yo: Men travay Bondye mande nou pou nou kwè nan moun li voye a.
  30. 30 Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa w'ap fè?
  31. 31 Zansèt nou yo te manje mana nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.
  32. 32 Jezi di yo: An verite, an verite, m ap di nou sa: Moyiz pa t ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m ki ban nou pen ki soti nan syèl la tout bon vre.
  33. 33 Paske pen Bondye a se moun ki desann soti nan syèl la epi ki bay mond lan lavi.
  34. 34 Lè sa a, yo di li: Mèt, toujou ban nou pen sa a.
  35. 35 Jezi di yo: Mwen se pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou, moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.
  36. 36 Men, mwen te di nou sa: Nou wè m', men nou pa kwè.
  37. 37 Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen; epi moun ki vin jwenn mwen, mwen p'ap janm mete l' deyò.
  38. 38 Paske, mwen desann soti nan syèl la, pa pou m fè volonte pa m, men pou m fè volonte moun ki voye m nan.
  39. 39 Men sa Papa a vle: se pou m' pa pèdi anyen nan tout sa li ban mwen, men pou m' resisite yo nan dènye jou a.
  40. 40 Men sa volonte moun ki voye m' lan: Tout moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' resisite yo nan dènye jou a.
  41. 41 Jwif yo t'ap bougonnen sou li paske li te di: Mwen se pen ki desann sot nan syèl la.
  42. 42 Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l' ak manman l'. Ki jan l' fè di: Mwen desann sot nan syèl la?
  43. 43 Jezi reponn yo: Pa bougonnen nan mitan nou.
  44. 44 Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m nan pa rale l' vini. Mwen menm, m'ap resisite l' nan dènye jou a.
  45. 45 Men sa ki ekri nan pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki tande Papa a pale avè l', ki asepte sa l' di l', y'ap vin jwenn mwen.
  46. 46 Se pa gen moun ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a se moun ki soti nan Bondye a.
  47. 47 An verite, an verite, m ap di nou sa: Moun ki kwè nan mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an.
  48. 48 Mwen se pen lavi a.
  49. 49 Zansèt nou yo te manje mana nan dezè a, epi yo mouri.
  50. 50 Men pen ki desann sot nan syèl la, pou yon moun manje ladan l', li p'ap mouri.
  51. 51 Mwen se pen vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen m'ap bay la, se chè mwen. M'ap bay li pou tout moun sou latè ka viv.
  52. 52 Se poutèt sa, Jwif yo t'ap diskite ant yo, yo t'ap di: Kijan nonm sa a kapab ban nou chè l' pou nou manje?
  53. 53 Jezi di yo konsa: An verite, an verite, m'ap di nou sa: Si nou pa manje chè Pitit Lòm nan, epi nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
  54. 54 Nenpòt moun ki manje chè mwen, epi ki bwè san mwen, li gen lavi etènèl; epi m'ap resisite l' nan dènye jou a.
  55. 55 Paske chè mwen se vreman manje, e san mwen se vreman bwason.
  56. 56 Moun ki manje chè mwen, ki bwè san mwen, y'ap fè yonn ak mwen, epi mwen fè yonn ak li.
  57. 57 Papa ki voye m' lan, ki vivan, epi mwen viv grasa Papa a, konsa tou, moun ki manje m', l'a viv grasa mwen.
  58. 58 Men pen ki desann soti nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje laman paske pen yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.
  59. 59 Jezi te di bagay sa yo nan sinagòg la, antan l t ap anseye nan Kapènawòm.
  60. 60 Lè anpil nan disip li yo tande sa, yo di: Pawòl sa a rèd. Ki moun ki ka tande l?
  61. 61 Jezi te konnen nan kè l' disip li yo t'ap bougonnen sou sa, li di yo: Sa ofanse nou?
  62. 62 E si nou ta wè Pitit Lòm nan monte kote l te ye anvan an?
  63. 63 Se lespri a ki bay lavi, chè pa sèvi anyen. Pawòl mwen di nou yo se lespri, yo se lavi.
  64. 64 Men, gen kèk nan nou ki pa kwè. Paske, Jezi te konnen depi nan konmansman ki moun ki pa t kwè yo, ak ki moun ki t ap trayi l la.
  65. 65 Epi li di: Se poutèt sa mwen te di nou: Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Papa m ki ba li sa.
  66. 66 Depi lè sa a, anpil nan disip li yo te vire do ba li, epi yo pa t mache avè l ankò.
  67. 67 Lè sa a, Jezi di douz yo: Nou menm tou, nou pa vle ale?
  68. 68 Simon Pyè reponn li: Senyè, ki moun pou n al jwenn? Ou gen pawòl ki bay lavi ki p'ap janm fini an.
  69. 69 Epi nou kwè epi nou sèten ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
  70. 70 Jezi reponn yo: Èske se pa mwen ki chwazi nou douz la? Epi youn nan nou se yon dyab?
  71. 71 Li t'ap pale de Jida Iskaryòt, pitit Simon an. Paske, se Jida ki te gen pou trayi l' la, li te youn nan douz yo.

⟨ Chapit Presedan Jan6 Chapit Swivan ⟩