Jan 14 KreyolAyisyen
🔊 Jan 14
KreyolAyisyen
0:00
0:00
- 1 Pa kite kè nou boulvèse. Nou kwè nan Bondye, nou dwe kwè nan mwen tou.
- 2 Gen anpil kote nan kay Papa m' lan. Si se pa t' konsa, mwen ta di nou sa. Mwen pral prepare yon plas pou nou.
- 3 Lè m'a ale, m'a prepare yon plas pou nou, m'a tounen vin chache nou avè m', pou nou ka la tou kote m'a ye a.
- 4 Epi nou konnen kote m prale a, epi nou konnen chemen an.
- 5 Toma di li: Senyè, nou pa konnen kote w prale a; kijan pou nou fè konnen chemen an?
- 6 Jezi di li: Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
- 7 Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou. Depi kounye a nou konnen l', nou wè l' tou.
- 8 Filip di li: Senyè, moutre nou Papa a. Sa ap sifi pou nou.
- 9 Jezi di li: Depi tout tan sa a mwen avèk nou, Filip, epi ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m' wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre nou Papa a?
- 10 Ou pa kwè mwen nan Papa a, Papa a nan mwen? Pawòl mwen di nou yo, se pa pou tèt pa m', mwen di yo. Papa a ki nan mwen an, se li menm ki fè travay li yo.
- 11 Kwè mwen lè m di mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè mwen poutèt zèv mwen yo.
- 12 An verite, an verite, m ap di nou sa: Moun ki kwè nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou; l ap fè pi gwo travay pase sa yo, paske mwen pral jwenn Papa m.
- 13 Nenpòt sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou Papa a ka jwenn glwa nan Pitit la.
- 14 Si nou mande nenpòt bagay nan non mwen, m'a fè li.
- 15 Si nou renmen m', se pou nou kenbe kòmandman m' yo.
- 16 M'ap lapriyè Papa a, epi la ban nou yon lòt Konsolatè, pou l' rete avèk nou pou tout tan.
- 17 Menm Lespri verite a; moun lemonn pa ka resevwa, paske li pa wè l, ni li pa konnen l. Men nou menm, nou konnen l, paske l rete avèk nou, epi l ap nan nou.
- 18 Mwen p'ap kite nou poukont nou: M'ap vin jwenn nou.
- 19 Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m' ankò; men nou menm n'ap wè m', paske mwen vivan, nou menm n'ap viv tou.
- 20 Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa m', nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
- 21 Moun ki gen kòmandman m yo epi ki obeyi yo, se li menm ki renmen m. Papa m va renmen moun ki renmen m nan, mwen menm m ap renmen l, epi m ap fè l wè tèt mwen.
- 22 Jida (se pa Jida Iskaryòt la) di li: Senyè, kijan ou fè wè ou devan nou san ou pa devan lemonn?
- 23 Jezi reponn li: Si yon moun renmen m', l'a fè sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. N'a vin jwenn li, n'a rete avè l'.
- 24 Moun ki pa renmen m' lan, li p'ap fè sa m' di l' fè. Pawòl nou tande a, se pa nan mwen yo soti. Se Papa m' ki voye m' lan yo soti.
- 25 Mwen di nou bagay sa yo pandan m toujou la avèk nou.
- 26 Men, Konsolatè a, Sentespri a, ke Papa a ap voye nan non mwen, va moutre nou tout bagay, epi la fè nou chonje tout bagay sa yo, tou sa m te di nou.
- 27 M'ap ban nou lapè, m'ap ba nou lapè pa m'. Se pa jan latè bay li. Pa kite kè nou boulvèse, pa kite l' pè.
- 28 Nou tande m di nou: M ap ale, men m ap retounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan paske m di nou: M ap ale bò kote Papa a, paske Papa m pi gran pase m.
- 29 Kounye a, mwen di nou sa anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
- 30 Mwen p'ap pale anpil avè nou ankò, paske chèf lemonn sa a ap vini. Li pa gen anyen nan mwen.
- 31 Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa a. M'ap fè sa Papa a ban m' lòd fè a. Leve non, ann ale.